IMPORTANT UPDATE: United States Supreme Court on Birthright citizenship 6/27/25 – Haitian Creole
Description
Le 27 Jen 2025,Kou Siprèm Etazini leve entèdiksyon nasyonal ki te anpeche Dekrè Prezidansyèl Prezidan Trump lan antre an aplikasyon. Dekrè sa a refize sitwayènte pa nesans pou timoun ki fèt Ozetazini kote paran yo pa gen rezidans pèmanan, tankou moun ki sou viza tanporè (elèv, travayè, touris), moun ki gen DACA, TPS, moun k ap tann desizyon azil, ak imigran san papye. Sa vle di kounye a diferan tribinal federal yo ka deside si y ap aplike oswa bloke Dekrè Prezidansyèl sa a nan jiridiksyon pa yo, sa ki ka lakoz règleman sou sitwayènte diferan selon chak eta pandan lit konstitisyonèl la ap kontinye. Sepandan, Kou Siprèm lan te mete aksan sou sa: li PA t deside si Dekrè a legal oswa ou non e li fè konnen Dekrè a pap antre an aplikasyon pandan 30 jou.
Categories
Advocacy Resources, Federal Policies, Immigrant Resources, KYRs

